English – EspañolPortuguês

 

Montre #Kourajpouakeyi Ou

MIRA Koalisyon lanse Kanpay “Massachusetts Akeyi” nan mwa Mas 2024 la! Kanpay sa gen yon gwo enpotans e se yon etap kle pou asire ke chak imigran ak refijye nan Massachusetts gen aksè ak sèvis e sipò yo bezwen pou yo avanse.

Kanpay “Massachusetts Akeyi” a dedye pou kreye yon anviwònman kote tout moun ap ka jwenn sevis nesese yo san konsidere orijin yo, oswa kijan yo rive isit la. Nou kwè ke Commonwealth nou an pi fò toujou pa rapo ak istorik rich nou nan akeyi imigran ki rantre nan fòs travay nou yo, nou ranpli kominote nou yo e fòtifye demokrasi nou an. Nou kwè nan yon Commonwealth kote divèsite selebre, epi chak moun gen opòtinite pou reyisi. Lè nou mete tet nou ansanm, epi montre sipò nou vizib, nou ap voye yon mesaj solidarite ak akseptasyon ki pwisan.

 

Kijan ou ka ede:

Nou envite ou vinn jwenn nou pou lanse kanpay la 12 Mas. Nou vle gen bruit ki soti nan tout òganizasyon yo, koalisyon ak platfòm sosyal pèsonèl ou yo. Sa se yon moman ki kritik pou manm koalisyon nou yo, patnè, ak sipòtè nou yo vin ansanm ak nou pou montre angajman nou pou akeyi imigran ak refijye nan Massachusetts.