BOSTON, MA – Kòm repons a desizyon Lakou Siprèm Etazini an sou òd Prezidan Trump pou mete fen nan Estati Pwoteksyon Tanporè pou Ayisyen, Elizabeth Sweet, Direktè Egzekitif Koalisyon pou Defans Imigran ak Refijye Massachusetts (MIRA), te bay deklarasyon sa a:
“Elimine Estati Pwoteksyon Tanporè pou anviwon 350,000 Ayisyen k ap viv Ozetazini, yon peyi anpil ladan yo rele lakay yo, se yon bagay ki pa gen pitye, ki imoral, epi ki abominab. Fòse moun retounen nan yon sitiyasyon ki ekstrèmman danjere ak vyolan, yon sitiyasyon yo te deja kouri kite, pral kraze fanmi ak kominote. Moun ki gen TPS ayisyen yo se yon pati esansyèl nan konpozisyon eta nou an ak peyi nou an, epi desizyon sa a pral katastwofik pou fòs travay ak ekonomi eta nou an. Malgre desizyon devastatè sa a, MIRA rete angaje nan defann dwa ak sekirite tout imigran, epi li kanpe nan solidarite ak kominote ayisyèn nan.”
Koalisyon pou Defans Imigran ak Refijye nan Massachusetts (MIRA) se pi gwo òganizasyon san bi likratif nan Nouvel Anglète ki dedye a pwomosyon dwa ak entegrasyon imigran ak refijye.