BOSTON, MA – Jodi a, Elizabeth Sweet, Direktris Egzekitif Koalisyon pou Defans Imigran ak Refijye Massachusetts (MIRA), te temwaye devan Komite Sena Ameriken sou Ti Biznis ak Antreprenè nan odiyans Antreprenèrya Ameriken pou 250 Ane: Pouse Inovasyon, Devlopman ak Opòtinite.
Sweet te bay deklarasyon sa a:
“Pandan tout istwa Ameriken an, imigran yo te kontribye anpil nan pwopesite ak devlopman ekonomik peyi nou an. Twò souvan, imigran yo fè fas ak baryè pou yo ka patisipe tout bon nan ekonomi a, sa ki pouse yo kreye pwòp biznis pa yo gras ak entelijan ak ambisyon yo. Nan Massachusetts sèlman, imigran yo jenere apeprè $130 milya chak ane pou ekonomi eta a epi yo reprezante 28% nan pwopriyetè biznis nan eta a. Biznis ke imigran fonde ak jere pa sèlman ogmante pwosperite pataje nou, men yo asire ke nou rete konpetitif. Imigran pote kreyativite, adaptasyon, nouvo ide ak inovasyon. Nou dwe asire ke peyi nou se yon plas kote antreprenè imigran ka kontinye pwospere.”